Yè, chèf vini nan bouk la, se pa de ti lwanj yo fè majistra a. Rete pou yo pote l sou tèt afòs yo kontan jan li gouvènen komin lan. Epi vire yo vire do, men lèt revokasyon majis rive. Byen chita pa di byen monte vre, depi m wè majis atè apre tout lwanj yo fè li yè a.
Longè bouji ou longè priyè ou
Kisa ou vle pou m fè madanm ? Se twa grenn dola ou ban m pou m al fè mache. Longè bouji ou longè priyè ou. Ou pa kab vle pou yo lonje tout mache a ban mwen pou twa dola. Yo vann mwen pou mezi kòb m te pote.
Pi ta pi tris
Ti mesye olye nou chita ap ranse, pito nou ale lekòl, tande. Atansyon timoun ! Pakse pi ta pi tris. Avanse peyi a ap avanse wi. Depi koulye a, se nan di moun ki pa t fè anpil tan lekòl jwenn yon djòb, atò ale wè pou pita. Si nou konn bout, pito nou pran lekòl oserye.
Regle jis pa gate zanmi
Men rès lajan ki rete sou mwa travay ou. Yon fwa ou te pran senk dola. Yon lòt fwa, ou te fè m bay madanm ou sèt. Sa fè douz. Regle jis pa gate zanmi. Poutèt sa m pran douz dola a sou salè ou. Konte rès la devan m epi yon ti sinyati kote ou wè m fè ti kwa sa a.
Pwovèb Mwa Oktob
Fanm se bwa kajou
Madanm yon nèg toujou vin pi bon pou li toutan laj ap antre sou li.
Zafè nèg se mistè
Si ou pa ka di byen pa di mal paske zafè nèg se mistè. Moun pa janm konnen sa k ap pase nan tèt moun.
Bèf nan poto pa pè kouto
Nan savann, si swaf dlo bare ou nanpwen dlo yo prezante devan ou pou w pa bwè l, paske bèf nan potopa pè kouto.
Plimen poul la men pa kite l rele
Fè atansyon ak bagay moun ki nan men ou. Kout baton konsyans yon moun pi boule pase chaplèt lapolis.